FOUTBÒL-ENTÈNASYONAL: YON ANSYEN ENTÈNASYONAL FRANSÈ MOURI APRE LI FIN PASE 39 LANE NAN KOMA.

Jean-Pierre Adams, ansyen jwè seleksyon foutbòl peyi Lafrans lan, te tonbe nan koma depi nan lane 1982 apre yon operasyon ki te mal fèt. Ansyen defansè santral la rann dènye souf li jounen lendi 6 septanm 2021 an, daprè enfòmasyon Jacques vendroux mete deyò.

Foutbòl fransè an dèy. Jean-Pierre Adams fè vwèl pou peyi san chapo apre l fin pase 39 lane nan koma apre l te fin viktim de yon ère medikal nan yon aneksezi nan moman yo t ap fè l yon operasyon nan jenou.

Operasyon rate sa te lakoz li tonbe nan koma. 39 lane, se tan sa li pase nan koma anvan li rann dènye souf li ak 73 lane sou tèt li.

Jean-Pierre Adams fèt nan peyi Senegal, li jwe pandan 22 fwa pou peyi Lafrans. Nan klèb, li te jwe nan OGC Nice pandan 4 lane ak nan PSG pandan 2 lane.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …