AYITI/KIDNAPIN: NÈG AK ZAM KIDNAPE DIREKTÈ YON BANK KOMÈSYAL NAN PEYI A.

Nèg ak zam kidnape direktè kapital bank la, Bernard Cameau, jounen lendi 6 septanm 2021 an pandan li te devan bank lan.

Ka kidnapin yo retounen ap ogmante chak jou pi plis nan rejyon metwopolitèn nan. Anpil sektè kòmanse touche. E fwa sa, se sektè bankè a ki touche. Nèg ak zam kidnape mesye Bernard Cameau ki se direktè kapital bank la.

Alòske peyi a gen otorite Lapolis ak Lajistis, e poutan prèske chak jou gen plizyè ka kidnapin k ap anrejistre nan sosyete a. Sityasyon sa lakoz gwo laperèz nan mitan popilasyon ayisyen an.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …