FIFA pibliye ayè mèkredi 4 jiyè 2018 la lis abit ki pral dirije match ka de final yo.
Yon lis ki bay anpil pwoblèm ak kèk fanatik e ki fè anpil kesyon ap poze. Abit kap gen pou abite match Frans ak Irigwe a se yon ajanten li rele Nesto Pitana li abite twa match deja nan mondyal la. Nap raple se la Frans ki mete Ajantin deyò nan mondyal la.
Sèb Milorad Mazic ap gen pou abite match Brezil Beljik la. Se Brezil ki mete Sèbi deyò nan konpetisyon an.
Neyèlandè Björn Kuipers pral abite match Angletè ak la Swèd.
Sandro Ricci ki se yon brezilyen ap gen pou dirije match Larisi Korasi.
