AYITI/FOUTBÒL/GÒLKÈP : DUCKENS NAZON ADMÈT LI TE SOUFLETE CARNEJY ANTOINE

Depi apre eliminasyon Ayiti nan dènye Gòlkèp la anpil pawòl tap pale kòmkwa gen jwè ki te gen pwoblèm ak antrenè a Jean Jacques Pierre, men tou gen jwè ki te gen pwoblèm ak lòt jwè epi ki ta menm rive nan leve men nan figi.

Jwè sa  se te Duckens Nazon ak Carnejy Antoine. Chouchou pèp ayisyen an, Duckens Nazon pandan li te an dirèk sou enstagram dimanch 5 septanm 2021 ak plizyè jwè nan seleksyon nasyonal la admèt li te bay Carnejy Antoine yon kalòt men li te vin eskize li nan apre._

Nan match Ayiti te jwe kont Etazini nan dènye edisyon Gòlkèp la, Jean Jacques Pierre, seleksyonè ekip la, te desann Duckens Nazon nan match la paske nimewo 9 ayisyen te fatige. Aparamman, chwa sa, Jean Jacques te fè li sou demann Carnejy Antoine. Rive sou ban an, meyè bitè an aktivite seleksyon nasyonal la, Nazon pa te kontan e li tale kesyone Carnejy Antoine jiskaske li te rive ba li yon kalòt, daprè sa enfòmasyon yo te fè kwè.

« Sa pase nan vestyè apre match la. Mwen  te mande li si se akoz li menm kotch la te ranplase mwen nan match la epi li menm, li te rete pèdi nan telefòn li san li pa te reponn mwen. Epi apre kèk minit, pandan li bay do li reponn mwen li di mwen  wi se akoz li menm antrenè a te aji konsa e alò? Mwen reyaji, mwen frape li pandan mwen te sou emosyon », deklare Duckens Nazon.

Sa pa te rete la. Nimewo 9 ayisyen an pi lwen fè konnen li te eskize li touswuit pou konpòtman sa. » Mwen eskize mwen  pou konpòtman sa, men tout bagay te vini ranje nan apredemen kote tout moun tap prezante lòt eksiz. Se bagay ki rive toutan nan foutbòl la », daprè Duckens Nazon.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …