AYITI/POLITIK: KISA LÉON CHARLES AP TANN POU LI DEMISYONE?

Peyi Dayiti konnen yon sityasyon malouk, dènye mwa sa yo, li potko janm viv nan istwa li. Pandan sèt (7) dènye mwa yo, anpil gwo evenman ki gen pou wè ak koze ensekirite, kidnapin, asasina pase anba je popilasyon an e malgre tout sa yo, gwoup gang yo toujou kontinye ap simen latwoublay tribòpabò. E tout aksyon sa yo ap poze pandan gen swadizan yon chèf lapolis nan tèt peyi a.

Pandan 7 dènye mwa yo, yo anpil sila ki mouri anba bal nan peyi a. Gen polisye ki te pèdi lavi yo nan operasyon vilaj dedye a; gen evazyon ki te fèt nan prizon sivil kwadeboukè a kote Anel Joseph te sove ; gen asasina Diego Charles ak Netty Duclaire e answuit asasina Jovenel Moïse, ansyen chèf Leta peyi a.

Tout evenman sa yo ak anpil lòt ankò pase pandan Léon Charles direktè jeneral Lapolis Nasyonal Dayiti. E jiskaske, malgre ka kidnapin ap ogmante nan peyi a, nèg ak zam ap taye banda, chèf Lapolis Nasyonal Dayiti a, Léon Charles toujou nan tèt enstitisyon an. Sa ki lakoz anpil moun ap mande kisa mesye Léon Charles ap tann pou li remèt demisyon l?

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …