AYITI/VODOU: CHÈF KILT VODOU A AN REPONN KÈK MOUN NAN SEKTÈ A PANDAN LI TOU PWOFITE FÈ YON KOU GRAMÈ POU YO.

Nan yon nòt pou laprès chèf kilt vodou ayisyen an, ougan Cedral Noelus soti jounen 6 septanm 2021 an li adrese li ak yon seri de moun nan sektè a ki pa vle aksepte sa arete 4 avril 2003 di a pandan li tou pwofite fè yon kou gramè yo.

Nan nòt la ougan an pran lakrè li pou fè yon kou gramè kote li fè diferans ant « de » ak « du » pou kèk manbo ak ougan.

« Nèg yo telman ap barem Pou se pa Mwen ki parèt kòm reprezantan « Culte Vodou » a yo rantre nan fè divèsyon antre « Chef De Culte Vodou »e « Chef Du Culte Vodou » yo fè konnen se si arete a te pale de Chef Du Culte Vodou se lè sa Mwen tap Chef Culte Vodou a yo fè konnen « DU » genyen plis Valè ke « DE » men yo bliye si « Du » se atik patitif sètadi si yo te di Chef du culte Vodou ebyen lè sa ougan Cedral Noëlus tap Chèf on pati nan Culte Vodou a
tandiske mezanmi « DE » se prepozisyon invaryab sètadi Chef De Culte Vodou li demanyè jeneral e se de sa arete 4 avril 2003 a pale
Ayiti. Ayizan. Ayibobo » Se sa ki ekri nan nòt sila.

Ougan an tou pwofite voye senpati li bay moun ki viktim nan tranbleman tè 14 out 2021 ki sakaje gran sid peyi a.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …