AYITI/ASASINA: DE (2) MWA APRE ASASINA JOVENEL MOÏSE, MICHEL JOSEPH MARTELLY REYAJI.

_Ansyen prezidan peyi a, Michel Joseph Martelly, fè konnen sou kont twitè li jounen 7 septanm nan fè 2 mwa depi yo ap tann jistis pou prezidan Jovenel Moïse._

« 7 septanm 2021 fè de (2) mwa depi nou ap tann jistis pou prezidan Jovenel Moïse. Nou pa dwe janm bliye kote enpinite simen, se ensekirite ki ap donnen », ekri ansyen chèf Leta peyi Dayiti a, mesye Michel Joseph Martelly nan dat 7 septanm 2021 an ki fè 2 mwa depi depi yo te asasinen Jovenel Moïse.

« Jwenn jistis pou Jovenel rete youn nan pi gwo priyorite pèp ayisyen an », daprè Michel Joseph Martelly.

Jovenel Moïse te asasinen lakay li pelèren 5 nan dat 7 jiyè 2021. Nan kad ankèt ki ap mennen sou dosye asasina ansyen chèf Leta a, Lapolis Nasyonal Dayiti mete yon pakèt moun deja anba kòd, men gen moun yo ap chache yo poko janm jwenn.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …