SITYASYON PANIK NAN DIVÈS ZÒN NAN KAPITAL LA APRE YON RIMÈ KI TA FÈ KONNEN GAZ LA TA MOUTE.

Barikad nan plizyè zòn nan kapital la soti yè mèkredi a pou rive jodi jedi 5 jiyè 2018 la.

Byen bonè maten jedi a plizyè zòn tankou kafou Maren, Kafou shada Taba pou site zòn sa yo se gwo mouvman panik woch boutèy tap voye kawotchou tap boule, barikad pou konteste pri gaz la yon enfòmasyon ta fè konnen ki moute.

Yon Sityasyon ki te anpeche popilasyon an vakye ak aktivite yo, tout chofè machin te oblije kase tèt tounen pou anpeche yo viktim anba wòch ak boutèy.

Popilasyon an lage pou kont yo nan lari a pa gen prezans lapolis nan zòn ki an difikilte yo, okenn nan otorite yo pa ko janm dim anyen konsènan sityasyon kap devlope nan vil la depi ayè mèkredi a.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …