AYITI/EDIKASYON: MINIS EDIKASYON AK FÒMASYON PWOFESYONÈL LA MARIE LUCIE JOSEPH POTE PRESIZYON SOU OUVÈTI KLAS YO POU ANE 2021-2022 A.

Nan Yon konferans pou la près lendi 6 septanm 2021 an, minis edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonel la Marie Lucie Joseph presize ouvèti klas yo ap fèt 21 septanm 2021 pou depatman ki pat viktim tranblemann tè 14 dawout la, 4 oktòb pou twa depatman yo nan gran sid.

Yon lòt kote minis la prezante senpatil ak moun yo nan gran si,epi anonse gouvènman ap travay an kolaborasyon ak divès òganizasyon tankou (BID,UNICEF,BANK MONDYAL)nan lide pou pote sipò ak tout paran yo,pou materyèl skòlè,espesyalman paran Gran sid yo.

Alòske Marie Lucie Joseph pa pran okenn desizyon kont lekòl ki deja ouvè pòt yo avan dat ki fikse a ki daprè li menm pa Yon pwoblèm paske paran yo ap toujou peye menm kantite kòb la.

 

Marie Wanide Nencha Vernois

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …