Ansyen minis enteryè ak kolektivite teritoryal nan prezidans ansyen chèf Leta Jovenel Moïse, Louis Gonzague Day, reyaji nan okazyon dezyèm mwa asasinay ansyen prezidan Jovenel Moïse.
Sou Twitè, ansyen minis Louis Gonzague Day deklare » prezidan ou te dim ou pat gen san nan menw, mwen te reponn ou » fòk ou te chache moun ki pat pè san pou te foure men nan san pouw pase sete yon jwèt san anfas la t ap jwe. Ou te dim ou te konprann, men malerezman! ».
N ap fè remake, premye minis ayisyen doktè Ariel Henry, fè konnen gouvènman li an ap travay pou pèmèt ansyen prezidan repiblik la jwenn jistis ak arete tout asasen yo.