PEYI TAIWAN FÈ AYITI KADO 25 TÒN EKIPMAN SANITÈ AK MATERYÈL IJANS

_Premye minis ayisyen an, Ariel Henry resevwa 25 tòn sanitè ak materyèl ijans gouvènman Taywan fè Ayiti kado. Se chèf gouvènman an, mesye Ariel ki rann enfòmasyon an piblik jounen madi 7 septanm 2021 an._

« Nan non gouvènman Ayisyen an, se ak anpil plezi mwen resevwa nan men gouvènman peyi Taiwan lan 25 tòn ekipman sanitè ak materyèl ijans », reyaji responsab laprimati a, Ariel Henry.

Doktè Ariel Henry pa kache kontantman li ak satisfaksyon li apre li fin resevwa èd sa.  » Mwen vle remèsye anbasad Taïwan, pou èd sa a, ki gras ak yo, viktim tranbleman tè nan Gran Sid peyi a pral benefisye ».

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …