MENZEN: ANSYEN KÒMANDAN GRAN RAVIN NAN KE TOUT MOUN KONNEN SOU NON TÈT KALE MOURI SELON ANSYEN FRÈ DAM LI BOUGÒY.

Ansyen chèf Gran ravin nan tèt kale a ta mouri ayè jedi 5 jiyè 2018 la nan yon afwontman ak ansyen frè dam li Bougòy.

Tèt kale ke lapolis te mete anba kòd 3 desanm 2016 la nan èpòt la pou yon seri zak yo di li te konn fè nan blòk Gran Ravin ak zòn ki te tou prè yo, li ta pral jwenn liberasyon li 4 me 2018 pase a sou lòd jij Bredy Fabien, yon liberasyon ki ta pral fè anpil deba nan vil la, sa pat anpeche yo liberel.

Otorite nan aparèy jistis la ta pral fè konnen ke pa gen ase plent kont tét kale,  se sa ki fè yo liberel malgre nan yon premye tan komisè gouvènman Potoprens lan mèt Ocnam Dameus te entèdi pou yo liberel.

Nan konfli pou reprann kontwòl Gran ravin depi apre liberasyon li, tèt kale te oblije fè alyans ak Kris la ki se chèf zòn Tibwa. Ayè jedi 5 jiyè 2018 la nan yon konfli ant nèg Gran ravin ak Tibwa, enfòmasyon yo fè konnen tèt kale ta mouri apre li te fin pran yon bal nan dèyè.

Yon enfòmasyon ansyen frè dam li Bougòy ki se aktyèl chèf Gran ravin ta pral konfime nan yon radio nan kapital la, selon Bougòy Tèt kale pran yon katouch nan dèyè li nan lise Gran ravin nan e se li menm ak sòlda li ki tire tèt kale.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …