AYITI/ELEKSYON: KONSÈY ELEKTORAL PWOVIZWA METE DEYÒ LIS PATI POLITIK KI KAPAB PATISIPE NAN ELEKSYON YO.

Nan yon kominike ki pibliye jounen madi sèt 7 Septanb 2021 an, konsèy elektoral pwovizwa (KEP) mete deyò lis pati politik ki agreye pou kapab patisipe nan eleksyon ki ap gen pou reyalize nan peyi a.

Manm konsèy elektoral pwovizwa yo, fè konnen yo pran desizyon sa gras ak atik 165 dekrè elektoral senk (5) jiyè 2021 an, pou pibliye lis pasyèl ansanm pati ak Regwoupman politik ki agreye pou patisipe nan eleksyon an. Selon kominike KEP a, ki anonse tiraj osò pou bay chak pati ak regwoupman politik yo yon nimewo a ap fèt nan yon titan ankò.

N ap fè remake, nan kominike konsèy elektoral pwovizwa gen 108 pati ak regwoupman politik ki agreye pou patisipe nan eleksyon yo.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …