AYITI/ESTA: GAZZMAN COULEUR METE JIP, ENTÈNÈT LA PRAN DIFE.

Chantè vedèt gwoup mizikal disip la, Gazzman Couleur, lakoz anpil reyaksyon sou entenèt la de dènye jou sa yo. Nan yon bal Disip tap jwe ak Klass dimanch 5 septanm 2021 an nan New York, ansyen chantè New look la, Gazzman Couleur, te moute sèn nan ak yon abiman ki te atire atansyon anpil moun : jip, ba men longè, Gazzman Couleur te make sware a nan sans sa.

Gazzman pat vedèt sware a sèlman paske li se lid vokal gwoup Disip la, men li te atis ki te choke tout moun nan sware ki te batize « la nuit du kompas » parapò ak jan li te abiye a.

Kilt akawo, ba rive jis nan jenou ak yon djakèt an kui, se konsa Gazzman Couleur te abiye. Yon abiman ki lakoz anpil reyaksyon e gen nan reyaksyon sa yo ki menm atake aspè sante mantal atis la.

Nou ap raple, kilt la se yon modèl rad gason ak fanm te konn mete nan kilti ekosè a nan peryòd XVI syèk la. Donk, se youn nan makfabrik ekosè yo. Li choke entènòt ayisyen yo paske li pa kadre ak kilti ayisyen an.

 

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …