AYITI/KILTI:YON LEJANN NAN MIZIK AYISYÈN NAN FÈ VWÈL POU PEYI SAN CHAPO

Sektè mizikal ayisyen an an dèy, patiklyèman òkes Septentrionale. Yvenel Étienne kite nou ; li fè vwèl pou peyi san chapo nan lannuit madi 7 pou rive mèkredi 8 septanm 2021 an nan lopital sakre kè nan Milo.

Yvenel Étienne (SORÉ)   mouri ak 52 lane sou tèt li,    se te youn nan chantè vedèt SEPTEN. SORÉ te fè yon pasaj triyonfal nan òkès Tropicana d’Haïti kote li te konnen yon pakèt siksè avèk videyoklip  » Veye-Priye » a nan lane 1999-2000 yo.

Pandan karyè mizikal li, Yvenel Étienne reyisi gwo eksplwa jwe pou Tropicana ( Veye-Priye) ak Septen ( Gason Djedje).

Yon zetwal nan mizik ayisyen an etenn Yvenel Étienne, youn nan gwo chantè bolewo, ki gen yon bèl ak yon long karyè mizikal.

Nap raple bri nouvèl lanmò Yvenel Étienne te kouri deja nan lane 2015, men lè sa se te yon operasyon atis la tap sibi.

Yvenel Étienne te nan Zenpi, Lakol, Tropicana, Zèl apre linte mete vwa li tou nan ambyans, epi Septentrionale.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

QUAVO BRISE LE SILENCE APRÈS LA MORT AU DÉCOLLAGE : “JE NE TE QUITTERAI JAMAIS”

Pour la première fois depuis la mort du rappeur Takeoff, Quavo s’est adressé publiquement à …