LEMOND/ TRANBLEMAN TÈ : YON GWO TRANBLEMAN TÈ SOUKE PEYI MEKSIK.

Yon gwo tranbleman tè manitid 7.1, nechèl « Richter » sakaje nan lannwit madi 7 Septanb 2021 an, rejyon « Acaupolo » men tout kapital la souke, daprè premye eleman enfòmasyon yo.

Tranbleman tè manitid 7, 1 an, sekwe Sidès peyi Meksik, selon sant nasyonal sismoloji, otorite yo jwenn yon moun mouri ak kèk dega ki anrejistre nan kad premye enfòmasyon ki disponib yo.

Tranbleman tè a,  pase nan lè (01 h 47) lè peyi Meksik, episant li 11 kilomèt nan sidès « Acapulco », ki nan Eta « Guerro, nan sidès peyi Meksik, selon sèvis nasyonal sismoloji a fè konnen gen plis ke 3 lòt sekous ki gentan pase nan peyi Meksik.

Daprè gouvènè Eta « Guerrero » a, Hector Astudillo, ki presize moun ki mouri a se yon poto elektrik ki tonbe sou li nan minisipalite « Coyuca de Benítez ». Nan yon mesaj sou kont twitè li, prezidan Meksik la Andres Manuel Lopez Obrador, fè konnen aprè moun ki mouri a yo sèlman anrejistre kèk mi ki tonbe.

Nap siyale, 19 Septanb 2017, peyi Meksik te pran yon sekous tranbleman tè manitid 7, 1 li te touye 369 epi blese plizyè santèn lòt

Dieuva Occidor

Kredi foto:Afp

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …