Depi plis pase yon lane, gen yon pwoblèm gaz nan peyi Dayiti ki pa janm rezoud. Dènye semèn sa yo, sityasyon an vin pi malouk e gen radyo, biznis ki kapab pa bay sèvis akoz pwoblèm gaz peyi a ap fè fas la.
Gen radyo ki fè konnen yo pa ka jwenn gaz pou alimante diferan sit yo genyen sa ki lakoz yo ka rive kanpe sèvis pandan rès jounen e si sa anpire, pandan tout rès semèn nan.
Gen chofe machin ak chofe moto ki, nonsèlman yo pa ka jwenn gaz, men sa ki jwenn yon ti tak la oblije moute pri kous li. Sa jeneralman ki ka lakoz gwo lesefrape ak pasaje.
Pandan tan sa, otorite yo yo menm ap paweze, yo vag kou keren poutan yo toujou ap pran lajan taks malere ak malerèz ki ap bat dlo pou fè bè.