KOVID-19 : ISNARD DOUBY, CHANTÈ E MAYESTWO GWOUP SYSTEM BAND NAN, RANN DÈNYE SOUF LI NAN PEYI ETAZINI.

_Isnard Douby, mayestwo-chantè e konpozitè gwoup mizikal System Band lan mouri jounen jedi 9 septanm 2021 an nan peyi Etazini, patiklyèman nan Miami (Floride)._

Mizik ayisyen an pèdi yon lòt lejann ankò. Apre chantè Sore vin fè vwèl pou peyi san chapo, se mayestwo-chantè System Band, Isnard Douby ki rann dènye souf li ak 72 lane sou tèt li.

Etènè depi yon bon tan swit ak pwoblèm sante ki gen pou wè ak Kovid-19 li tap fè fas, fondatè gwoup System Band lan, Isnard Douby mouri nan peyi Etazini.

Sektè mizikal ayisyen, nan piti pase 48è pèdi 2 chantè ki make ak yo 2 a sèlman yon pakèt jenerasyon. E non yo se Sore, chantè òkès Septentrional e mayestwo-chantè Isnard Douby.

 

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …