LEMOND/ POLITIK : MARIN LE PEN PA DAKÒ AK DISKOU  » TRUMPETISME » KANDIDA PREZIDANSYÈL ERIC ZEMMOUR

Fanm politik peyi Lafrans, Marin Le Pen, montre li pa dakò ak diskou kandida pou pòs prezidan nan eleksyon 2022 yo Eric Zemmour ki vle fè kwè peyi Lafrans ap tann moun tankou Trump. Ap gen yon « Make France Graet Again » ? M pa kwè sa. Lidè pati « RN » lan, fè konnen jounen samdi 11 Septanb 2021 an, li pa pataje teyori ak diskou ki vle lèse kwè peyi Lafrans ap tann yon Trump, Eric Zemmour ap fè pwomosyon pou li a.

 » Mwen di li teyori Lafrans ap tann yon Trump lan se yon diskou mwen pa pataje », deklarasyon Marin Le Pen, nan mikwo jounalis nan moman li tap rantre nan « Fréjus » ( Var).

Chèf pati rasanbleman nasyonal (RN), panse Eric Zemmour ap kandida men li pap rive jiskobou.  » lè ou afiche « Zemmour prezidan » epi wap chache parenn, sèke w kandida » ,daprè Marin Le Pen, ki kwè yon kanpay prezidansyèl chaje obstak fòk gen yon pwojè ki gen anpil matirite, yon ekip ak reyini parenn yo.

Kredi foto :rfi

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …