AYITI/POLITIK: PATI POLITIK ALYANS DEMOKRITIK KONT TRANZISYON AN AYITI (ADEKTRA) DI YO PA REKONÈT AKÒ PREMYE MINIS ARIEL HENRY A.

Nan yon entèvyou pòt pawòl (ADEKTRA) la bay ak redaksyon Echojounal maten lendi 13 septanb 2021, an Mackenson CANGÉ voye jete byen lwen nan poubèl akò premye minis defakto Ariel HENRY a ki te siyen samdi 11 septanb 2021 an nan rezidans ofisyèl li nan dèlma 60.

Se yon akò ki siyen avèk 2 ou 3 zanmi chèf gouvènman an, pilwen Jovnelis la kalifye akò sa kòm yon akò ki pa kanpe sou anyen, yon akò maklòkò, yon akò ki kont nasyon an se yon akò separe separasyon gato  » deklarasyon Mackenson CANGÉ pòt pawòl ADEKTRA »

Yon lòt kote, Jovnelis la fè konnen Mesye Ariel Henry pa gen lejitimite pou li siyen okenn akò ki ka angaje nasyon Ayisyèn lan paske non li ap site kòm moun ki sispèk nan dosye asasinay prezidan Jovenel Moïse lan. Jiris la kontinye poul di yon sèl akò Lokatè primati a ta siyen pou li ta fè nasyon ak kontan se siyen lèt demisyon li epi mete li disponib pou lajistis.

Se moun Ki an dezakò Ki siyen akò sakap fèt la se koze Ti zanmi se yon bann zanmi Ki mete tèt yo ansanm pou fè demagoji sila.

 

Ronald Exavier

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

« Haïti ne peut continuer d’être punie pour avoir arraché sa liberté », déclare le président brésilien Lula da Silva au Sommet Brésil-Caraïbes

Brasília, vendredi 13 juin 2025 — Lors du Sommet Brésil-Caraïbes organisé ce vendredi dans la …