AYITI/ KONFLI: GWO MANNÈV AP FÈT POU CHANJE MINIS JISTIS AK SEKIRITE PIBLIK LA.

Gwo mannèv ap fèt pou chanje minis jistis ak sekirite piblik la, mèt Rock Feller Vincent pou ta ranplase pa yon lòt minis nan gouvènman Ariel Henry a.

Selon enfòmasyon sal redaksyon Echo Jounal, gen gwo lòbèy ki pete ant premye minis ayisyen Ariel Henry ak minis jistis la Rock Feller Vincent pou ta chanjel nan gouvènman an. Pou kounye a, premye minis Ariel Henry ta fè retire machin blennde ki te mete disponib pou minis jistis ak sekirite piblik la epi ekri direksyon jeneral Lapolis pou mande l pou etire zam ak polisye kite a la dispozisyon minis Rock Feller Vincent.

N ap fè remake, komisè gouvènman Pòtoprens lan mèt Berd Ford Claude, envite chèf gouvènman Ariel Henry pou prezante nan pakè demen 14 Septanb 2021 an pou vin reponn kesyon pakè Pòtoprens sou konfimasyon kominikasyon li te gen ak youn nan prezime asasen defen Jovenel Moïse kise Joseph Félix Badio.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …