AYITI/JISTIS : MINIS JISTIS LA MANDE TOUT POLISYE AK TOUT KÒ ESPESYALIZE YO POU YO PA PRAN LÒD NAN MEN OKENN OTORITE POLITIK.

Nan yon nòt kap sikile jounen lendi 13 septan 2021 ki soti nan ministè jistis pou rive jwenn chèf polis la Léon Charles e ki pote siyati minis jistis lan mèt Rockefeller VINCENT, li mande pou tout polisye kèlkeswa nan inite ou ye a pou yo pa pran lòd nan men okenn otorite politik.

Selon nòt la, lwa 29 novanm 1994 la ki te kreye enstitisyon polis la nan atik 4 la li bay minis jistis la tout pouvwa pou li pase lòd ak tout ofisye polis la se sou baz atik 4 ki kreye fonksyonman polis ak atik 12 ki kreye CSPN lan, minis jistis lan chita pou li pase tout polisye yo pa pran lòd nan men okenn otorite politik nan peyi a.

Yon lòt kote, li mande pou lapolis ranfòse sekirite komisè gouvènman pòtoprens lan, mèt Bedford Claude paske depi 5 jou lap sibi gwo menas anba men moun yo pa rive idantifye.

Ronald Exavier

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …