AYITI/ JISTIS: LAJISTIS METE ENTÈDIKSYON PM ARIEL HENRY PA KITE PEYI A.

Komisè gouvènman Pòtoprens lan, mèt Bed Ford Claude, mande ak direktè sèvis imigrasyon pou pa kite premye minis ayisyen Ariel Henry pati kite peyi a.

Nan yon kòrespondans chèf pakè kapital la Bed Ford Claude, voye bay jounen madi 14 Septanb lan direktè imigrasyon ak emigrasyon an Joseph Cianciulli poul mande pa kite aktyèl premye minis ayisyen Ariel Henry kite peyi a. Yon pati nan lèt la ki di konsa:  » komisè gouvènman pòtoprens lan wete chapo l poul konplimantew ak menm moman poul mandew pou w pase tout lòd ke w kapab ak tout sèvis konsène pou mouche Ariel HENRY ki ap viv ak abite nan Pòtoprens ki gen idantite nif : 003-147-929-5, pou entèdi l kite peyi a kit nan avyon, lanmè ak sou latè paske l sispèk li ta enplike grav nan asasina defen chèf Leta Jovenel Moïse ».

Nou ap raple, nan yon nòt ofis pwoteksyon sitwayen mete deyò mande ak premye minis Ariel Henry poul tyoula kòl nan primati aprè konpayi telefòn « Digicel » fin konfime li te pale ak Joseph Félix Badio aprè asasina Jovenel Moïse.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …