AYITI/ENSEKRITE: RESPONSAB ACORDIA SHIPING NAN KALIFYE ENFOMASYON KI FÈ KWE LA POLIS TE JWENN ZAM NAN BATO A KÒM FO ENFÒMASYON.

Responsab Acordia shiping yo denonse enfomasyon ki fè kwè la polis te jwen zam nan bato Sila.

Propriyetè bato Acordia Shiping nan Marc Antoine Adolphe, demanti enfomasyon kap sikile sou rezo sosyo yo,ki fè konnen la polis te mennen operasyon epi sezi zam nan bato Sila lendi 13 septanm 2021.

Daprè deklarasyon responsab la se Yon zak entimidasyon ke y’ap fè sou li akoz li te anonse li pral pran la pawòl sou RTVC.

Nap siyale, Acordia Shiping t’al pote sipò pou Moun gran sid yo ki te viktim tranblemann tè 14 dawout pase a.

 

Marie Wanide Nencha Vernois

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …