AYITI/ENSEKIRITE: RANTRE SID KAPITAL LA TOUJOU BLOKE NAN NIVO FONTAMARA 27 E 29 AK MATISAN 23 E 25.

Depi plis pase 24è rantre sid kapital la bloke nan nivo fontamara 27 ak 29 e Matisan 23 ak 25. E jiskaprezan, fòs lòd yo pa fè twòp dilijans pou debloke wout nasyonal nimewo de (2) a ki relye plis pase kat (4) depatman nan peyi a.

Wout nasyonal nimewo 2 a nan nivo Matisan ak Fontamara bloke depi lendi 13 sektanm 2021 an anba bab otorite Lapolis ki, yo menm, pa fè twòp dilijans pou debloke wout la ki se sèl kote machin pase pou ale nan plizyè depatman anndan peyi a.

Poko gen okenn enfòmasyon ki disponib sou kisa ki ta lakoz rantre sid kapital la bloke. Sepandan, sityasyon sa lakoz anpil moun pa ka ale nan aktivite yo san konte madan sara yo ki gen yon pakèt machandiz k ap pouri nan men yo paske se lavi l yo konn al vann lè yo sot achte nan Gran Sid peyi a.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …