EMMANUEL HUBERT, CHAPO POU MOUNITE AK SAJÈS OU.

_Yon modèl nan fason l respekte ak trete moun ap fete yon lane anplis jounen mèkredi 15 sektanm 2021 an e non li se Emmanuel Hubert, responsab ajans enfòmasyon an liy echo Jounal. Sajès ak fason li trete moun, se kèk kalite nan kalite PDG echo jounal la genyen ki pa kite kolaboratè li yo endiferan lè yo ap fè referans ak pèsonaj la._

An Ayiti, jeneralman, se lè moun nan pa la ankò yo souvan ap fè elòj li. Nan estad echo jounal, nou p ap tann se lè Emmanuel Hubert, responsab la, pa la ankò pou nou ap di ki kalite moun li te ye. Jenn gason k ap fè jefò, Emmanuel Hubert se yon modèl nan fason l valorize kapasite moun ; nan fason li trete ak jenn parèy li.

« Sa m plis apresye lakay PDG a se sans lidèchip li. Nan sans li toujou ap feliste ekip la; chak grenn redaktè yo pou chak travay yo fè. Men an reyalite, li gen yon pakèt lòt kalite ki enteresan lakay li, sitou nivo respè li pou moun, patiklyèman redaktè li yo », pawòl Dieuva Occidor, redaktè e responsab echo jounal nan depatman Nip peyi a.

Pou foug li ak detèminasyon l, anpil redaktè kwè PDG a ap gen pou rive lwen nan lavi l. E redaktè sa yo swete li pa chanje wout pandan yo ap di l plis lanmou sou chimen l. Redaktè yo te kontan kwaze chimen w e jiskaprezan ou poko janm desevwa yo. Chapo pou mounite w ak sajès ou.

Nan dat 15 sektanm 2021 an ki se yon jou kou jodi a PDG a te vin sou latè, estaf la ap swete bon rekòt kafe e fè l konnen yo apresye modèl moun li ye a.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …