AYITI/POLITIK : YON GWO MOUVMAN POLITIK PRAN NESANS NAN KLAS POLITIK LA.

Nan yon nòt pou laprès patizan, senpatizan, kolaboratè ak pwòch ansyen prezidan Jovenel Moïse mete deyò jounen mèkredi 15 septanm 2021 an, kote asasen san fwa ni lwa ak Ayisyen epi oligak kòwonpi te mete ansanm pou touye prezidan Jovenel Moïse lakay li nan pèleren 5.

« Nan sans sa nou regwoupe nou pou nou bay nesans avèk gwo estrikti politik sa ki batize
RASANLEMAN JOVENELIS YO POU DEMOKRASI » Ekri nan nòt la.

Estrikti sa pran nesans ak 5 gran objektif.
1- Rasanble tout patizan,tout estrikti, tout òganizasyon sosyo politik ki te kwè nan batay prezidan Jovenel Moïse tap mennen an
2- Batay pou prezidan Jovenel Moïse jwenn jistis ak tout lòt moun ki tonbe anba bal ansasen yo tankou mèt Dorval.
3- Travay pou ide prezidan Jovenel Moïse yo pa mouri.
4 -Pou kondisyon yon Ayisyen fèt pa ka kondane pou li rete pòv fòk tout moun gen menm dwa.
5-Kontribiye pou dayiti granmoun tèt li nan yon leta efikas kote se pa pou yon ti ponyen moun li fèt.

Pou moun ki siyen yo.
Renald Luberice
Jèn avoka politològ Jocelyn Fleuriscat
CANGÉ Mackenson
Guichard Doré
Magalie Habitant
Pierre Josué Agénor Cadet
Esther Antoine
Ardouin Antoine
Charlot Jacquelin
Ak anpil lòt ankò

 

Ronald Exavier

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …