AYITI/ANIVÈSÈ : YON GWO PATWON YOUN NAN MEDYA AN LIY YO AP FETE ANIVÈSÈL JODIA.

Mesye Emmanuel Hubert se prezidan direktè jeneral Echojounal, yon medya anliy ap fete Anivèsèl jounen mèkredi 15 septanb 2021 an kote lap fete Yon nouvèl ane.

Emmanuel Hubert fèt nan depatman lwès nan komin fonparizyen, aprè li fin fè etid klasik li nan yon lekòl nan kapital la, li rantre nan yon lekòl kominikasyon poul te devni yon jounalis se yon metye li tap karese depi piti nan laj adolesan li, li pat rete chita li te rantre nan fakilte dwa gonayiv pou li etidye syans jiridik.

Depi nan laj adolesan PDG Echojounal la, lakay li, nan katye a li te toujou yon lidè, yon travayè, li toujou renmen fè deba avèk jèn sou katye li sou konjonkti peyi a. Aprè tout pakou sa yo tout esperans sa yo an 2010 etwal briyant lan devni yon gwo patwon medya nan kominote Ayisyèn lan.

Selon temwanyaj anpil moun nan antouraj jiris lan, patwon Echojounal la se yon patwon egzanplè, yon zanmi pou anplwayel yo, yon konseye, li toujou metel nan pozisyon poul konprann moun, PDG Echojounal la konsidere anplwayel yo tankou frèl ak sèl, li toujou anvi ede moun ki nan bezwen anfen mesye sa se yon mèvèy nan mond lan

Mwen koubem byen ba poum retire chapom poum swetew bòn fèt epi bon rekòt kafe map tou pwofite okazyon sa poum diw mèsi pou echojounal ou te kreye.

 

Ronald Exavier

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …