AYITI/ NOMINASYON: PREMYE MINIS ARIEL HENRY RANPLASE DE (2) MOUN NAN GOUVÈNMAN LI AN.

Premye minis ayisyen an doktè Ariel Henry, ranplase de (2) manm nan gouvènman li an aprè gwo batay nan gouvènman an koz yo konfime li te konn pale ak youn nan sispèk nan asasinay defen prezidan repiblik la Jovenel Moïse 7 jiyè 2021 an.

Nan yon arete ki pibliye jounen mèkredi 15 Septanb 2021 an, doktè Ariel Henry ranplase minis jistis ak sekirite piblik la mèt Rock feller Vincent epi nonmen aktyèl minis enteryè ak kolektivite teritoryal yo Liszt Quitel, kòm minis jistis ak sekirite piblik (MJSP). Mèt Josué Pierre Louis, nonmen nouvo sekretè jeneral minis yo li ranplase Renald Luberice.

Nou ap fè remake, arete ki nonmen de (2) nouvo moun sa yo pa jwenn siyati 4 minis kise : minis sante piblik la Marie Gréta Roy Clément, minis ekonomi an Michel Patrick Boisvert, minis planifikasyon Dieusel Simond Desrard ak minis zafè etranje a Claude Joseph.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …