NIJERYA /ENSEKIRITE : YON MILYON TIMOUN P AP KA ALE LEKÒL AKOZ ENSEKIRITE NAN PEYI NIJERYA

Plis pase 37 milyon timoun dwe rantre lekòl nan mwa sektanm nan, gen yon milyon élèv, bò kote pa yo ki ka pa ka ale lekòl an rezon gwo menas vyolans apre yon pakèt ka kidnapin k ap pede fèt nan peyi a.

_Nan peyi Nijerya, yon milyon élèv riske pa ale lekòl ane sa paske gen anpil menas vyolans sou yo swit ak yon pakèt ka anlèvman k ap pede anrejistre nan peyi a, daprè sa UNICEF fè konnen mèkredi 15 sektanm 2021 an._

Plis pase 37 milyon nijeryan dwe kòmanse ane eskolè a nan mwa sa, sepandan ane a » yo vòlè moman sa ak plis pase yon milyon élèv nijeryan paske ensekirite a menase lavi yo ak lekòl yo », deklare nan yon kominike pou laprès Peter Hawkins, reprezantan UNICEF nan peyi Nijerya a.

Daprè UNICEF, pandan ane sa gen 20 atak ki fèt sou plizyè lekòl nan peyi Nijerya. E pandan atak sa yo, gen 1400 élèv ki blese ak 16 ki rive pèdi lavi yo.

Chak fwa nèg ak zam kidnape élèv yo se toujou apre anpil negosyasyon lajan yo libere yo e souvan élèv yo libere apre plizyè semèn e mwa yo pase nan men ravisè yo. E jiskaprezan gen 200 élèv ki disparèt fanmi yo poko janm jwenn yo.

Sityasyon sa lakoz gwo laperèz nan peyi a kote anpil gouvènman nan kèk eta nan peyi Nijerya chwazi fèmen enpe lekòl pandan yon bout tan. Yon sityasyon ki malouk.

Swazant dis 70 etidyan yo te kidnape semèn ki sot pase yo jwenn liberasyon yo kont ranson pandan semèn sa, rapòte France 24.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …