Ministè sante piblik ak popilasyon (MSPP) anonse li detekte 2 nouvo varyan Kovid-19 : Varyan dèlta ak Varyan MU sou teritwa ayisyen an jounen jedi 16 sektanm 2021. MSPP mande pou jès baryè yo respekte epi pran vaksen.
Kovid-19 la toujou sou teritwa nasyonal la. Otorite sanitè yo detekte 2 nouvo varyan ki gen pou wè ak Kovid-19 la : Varyan Dèlta ak Varyan MU, selon yon avis MSPP mete deyò.
De (2 ) Varyan ki detekte jounen jedi a an Ayiti, gentan prezan nan lòt bò zile a sa vle di nan peyi Sendomeng.
Pami mezi pou mete an aplikasyon pou frennen pwopagasyon Kovid-19 la se lave men regilyèman, mete kachnen ak pran distans 1.50 m parapò ak lòt moun.
Jackson junior Rinvil