AYITI/ POLITIK : SEKTÈ DEMOKRATIK AK POPILÈ A REVOKE ANSYEN MINIS JISTIS ROCK FELLER VINCENT NAN GOUVÈNMAN ARIEL HENRY.

Nan yon konferans pou laprès jounen jedi 16 Septanb 2021 an, sektè ki rele Sektè Demokratik ak Popilè (SDP) fè konnen se yo menm ki fè koupe tèt ansyen minis jistis ak sekirite piblik mèt Rock Feller Vincent nan gouvènman Ariel Henry a.

Pòt pawòl Sektè Demokratik ak Popilè a, mèt Andre Michel, bay plizyè rezon ki fè (SDP) revoke ansyen minis jistis Rock Feller Vincent. Pami kèk rezon yo, nèg ki rele tèt li avoka pèp la  deklare » nou fè revoke Rock Feller Vincent paske li enpeche dosye Petwo karibe a avanse, enpeche dosye masak Lasalin ak dosye asasinay ansyen Batonye Monferieur Dorval.

Pou fini, pòt pawòl (SDP) a, mèt Andre Michel, ki lèse popilasyon an poul konprann ke yo ap travay nan transparans pou pèp ayisyen an.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …