SELEBRASYON JOUNEN ENTÈNASYONAL KOUCHDOZON: MINIS ANVIWONMAN AN, JAMES CADET, DISTRIBIYE EKIPMAN BAY KÈK TEKNISYEN.

_Minis anviwonman an, mesye James Cadet, distribye jounen jedi 16 sektanm 2021 an ki make selebrasyon jounen entansyonal pwoteksyon kouchdozòn yon pakèt ekipman bay kèk teknisyen nan kad pwojè ki gen a wè ak pwoteksyon kouchdozòn yo._

« Selebrasyon jounen entènasyonal kouchdozòn nan enskri nan yon kad volonte manifès ki manifeste lakay Leta ayisyen ak gouvènman Henry a ki respekte angajman l kòm peyi ki te siyen pwotokòl pou chache solisyon fas ak deteryorasyon kouchdozòn e chanjman klimatik », deklare minis anviwonman an, James Cadet.

Responsab ministè anviwonman an, yon lòt bò, lanse yon apèl bay tout ayisyen pou yo fè prèv plis responsabilite nan aksyon yo ap poze parapò ak katastwòf natirèl yo. » Pou pwoteksyon kouchdozòn nan, nou relanse apèl la bay chak moun pou yo pi responsab toujou », pawòl minis Cadet.

Selebrasyon jounen entansyonal kouchdozòn se okazyon tou pou James Cadet mete fen nan seyans fòmasyon kenzèn lozon ki te òganize sou otorite ministè a soti 1 pou bout 16 sektanm 2021

Daprè kòdonatè pwojè a, mesye Vital, teknisyen yo gen ase ekipman nan men yo ki pou pèmèt yo pwoteje kouchdozòn nan pandan yo ap estoke refrijeran yo nan sousi pou yo pa kite yo ap pwopaje nan atmosfè a. « Si nou kite gaz yo ap pwopaje nan atmosfè a, gen reyon solè yo k ap dekonpoze sibstans lan e k ap detui kouchdozòn yo », esplike kòdonatè a.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …