AYITI/ ELEKSYON: YON NOUVO KONSÈY ELI NAN BAWO MIRAGWÀN

Yon nouvo konsèy eli jounen vandredi 17 Septanb 2021 an, nan bawo Miragwàn. Nan kad yon eleksyon ki fèt mèt Fritz-N’el Saint- Louis, eli nouvo batonye lòd avoka Miragwàn yo, mèt Avrinel Soirissain eli kòm trezorye, mèt Yves Herard eli sekretè jeneral bawo Miragwàn.

Ansyen batonye Miragwàn lan, mèt Saurel Frantz,  montre le fèt ke gen yon nouvo konsèy ki eli nan « Batonnat » kote li pwomèt tout sipò ak nouvo konsèy la pou kapab travay pou pèmèt bawo a grandi.

Sou bò pa li, nouvo batonye a mèt Fritz-N’el Saint-Louis, montre kontantman li paske avoka yo nan bawo a eli li inanimite. Batonye Saint- Louis, ki pwomèt pou fè kontinite ak inovasyon nan bawo Miragwàn lan.

Nap siyale, mèt Fritz-N’el Saint- Louis, se te ansyen sekretè jeneral lòd bawo Miragwàn nan konsèy ki pase yo.

Dieuva Occidor

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …