AYITI/DYALÒG : CLARENS RENOIS VLE YON DYALÒG NASYONAL.

Nan yon nòt pati politik (INI AYITI) mete deyò jounen samdi 18 septanm 2021 an ki pote siyati kòdonatè jeneral pati a Mesye Clarens RENOIS, pale sou move sitiyasyon difisil ak malouk peyi ap travèse depi aprè lanmò ansyen prezidan Jovenel Moïse nan lannuit 6 pou rive 7 jiyè 2021 an.

Sitiyasyon sa a, ta dwe souke konsyans lespri chak grenn ayisyen pou chita sou yon sèl tab dyalòg nan lide pou jwenn yon solisyon nan kriz sosyo politik k ap fin manje sosyete a. Ansyen kandida pou pòs prezidan an, lèse kwè yon vrè dyalòg ki pa gen fòs kote kapab rive mete tout pitit peyi a chita sou yon sèl tab pou diskite, defini tout sa kap bon pou peyi a epi jete tout enterè pèsonèl yo pou ka jwenn yon vrè solisyon.

Pwofesè Clarens Renois, kwè yon dyalòg sensè, transparan kapab retire Ayiti nan sitiyasyon malouk l ap viv dènye jou sa yo ki pral louvri pòt sou yon vrè akò politik.

 

Ronald Exavier

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …