AYITI/ ENSEKIRITE : NAN OPERASYON KOMIN KWADÈBOUKÈ A YON POLISYE BLESE .

Plizyè inite espesyalize nan Lapolis la mennen yon operasyon jounen samdi 18 Septanm 2021 an, nan komin Kwadèboukè pou t al tante deloje gwoup gang « 400 mawozo », ki ap taye banda nan komin sa a.

Pandan operasyon an pou pi piti yon polisye blese nan bra, daprè sa responsab yo fè konnen nan wo kòmandman PNH fè konnen. Pilwen, responsab Lapolis yo presize gen dispozisyon ki deja pran pou mennen polisye blese a al pran swen sou kabann lopital ak kontinye kenbe estrateji pou lapolis toujou prezan nan Komin Kwadèboukè.

N ap siyale, depi plizyè semèn bandi ak gwo zam lou nan komin Kwadèboukè pa sispann teworize popilasyon an, mande ak machann, biznismann yo pou peye gwo lajan si tout fwa yo ta renmen kontinye mennen penitans yo nan komin lan.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …