AFGANISTAN/ EDIKASYON : LEKÒL RELOUVRI SÈLMAN POU GASON

_Ministè edikasyon nan peyi Afganistan, nan yon nòt ki soti vandredi, anonse ouvèti lekòl la sèlman pou sèks maskilen._

Nan nòt la, ministè edikasyon nan peyi Afganistan mansyone « tout gason pral retounen nan establisman eskolè yo ». Yon desizyon ki kòmanse lakoz anpil bat bouch nan opinyon piblik, nan sans, nòt la pa adrese ak pwofesè fanm, ni ak tifi ki swa lekòl nan lise osinon kolèj.

Ajans nasyonzini pou timoun ki gen sig li an franse ki se « UNICEF », kritike mezi sa taliban yo adopte a pandan li mande yo pou pa kite  » tifi yo sou kote ». Sepandan, malgre kritik sa yo, tabilan yo pa retounen sou desizyon yo. Daprè laprès entènasyonal, lekòl la relouvri sèlman ak gason, jan yo te anonse sa.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …