LEMOND/ DÈY : MAJISTRA YON VIL NAN AFRIK SID MOURI NAN AKSIDAN MACHIN

Majistra vil « Johannesburg » nan peyi Afrik Sid, Jolidee Matongo, mouri samdi 18 Septanm 2021 an nan yon aksidan machin, selon anons kabinè ansyen majistra.

Majistra Jolidee Matongo, mouri ak laj 46 te eli nan eleksyon 10 dawout 2021 an nan tèt Lameri vil « Johannesburg ». Selon enfòmasyon yo, ki fè konnen majistra Jolidee Matongo, fè aksidan machin lan nan moman li ta pral nan  » Soweto », daprè sa nou li nan kominike kabinè ansyen majistra mete deyò sou aksidan an san yon presizyon sou koz ki antoure lanmò sa a.

Nan yon twit prezidan Afrik Sid la, Cyril Ramaphosa, ki pataje pèn li ak fanmi ansyen majistra epi vil « Johannesburg » ki andèy aprè lanmò pat atann sa.

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …