AYITI /IMIGRASYON : GOUVÈNMAN AMERIKEN AN VOYE RETOUNEN PLIZYÈ AYISYEN NAN PEYI DAYITI

Administrasyon Biden lan voye retounen  nan jounen dimanch 19 septanm 2021 an, pou pi piti 272 Ayisyen nan peyi Dayiti ki tap eseye rantre ilegal nan peyi Etazini.

Selon temwanyaj kèk nan moun sa yo, se lavi chè ak ensekirite ki te fè yo pran Direksyon Etazini pou yo te ka ale chache lavi miyò men domaj sa pa mache gouvènman ameriken an voye nou retounen lakay nou.

Nap siyale, gen pou pi piti 10 000 migran ki ap tante rantre nan peyi Etazini dèyè do lalwa, pami yo Ayisyen, venezelyen, gwatemaltèk pou site sa yo sèlman.

Ronald Exavier

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …