PATWOUY FWONTALYE ETAZINI AK MEKSIK KOURI DÈYÈ YON PAKÈT MIGRAN AYISYEN SOU CHEVAL

_Migran ayisyen yo ki twouve yo anba pon Texas sou fwontyè amerikano- meksiken an kontinye ap moute lesyèl pa do. Patwouy fwontalye ki sou cheval kouri deyè yon pakèt ayisyen ki tap eseye rantre Etazini san papye dimanch 19 sektanm 2021 an._

Migran ayisyen yo konnen yon lòt moman difisil ankò nan jan yo ap goumen pou al chache lavi miyò lakay blan meriken. Nèg ki sou cheval ki fè pati patwouy fwontalye ant Meksik ak Etazini lage deyè yon pakèt ayisyen ki tap eseye rantre sou teritwa ameriken an ilegal pandan wikenn sa.

Depi plis pase senk jou anviwon, gen yon pakèt ayisyen ki bloke anba yon Texas sou fwontyè amerikano-meksiken an. Sityasyon sa pwovoke anpil endinyasyon ak kòlè lakay anpil lòt konpatriyòt ayisyen.

Anpil nan konpatriyòt ayisyen sa yo ki bloke sou fwontyè amerikano-meksiken se move lavi pa bò isit ak move jesyon dirijan yo ap fè nan tèt Leta a ki lakoz yo kite peyi yo pou l al riske lavi yo nan chache lavi miyò nan lòt peyi.

Jackson junior Rinvil

Kredi foto: Getty imaj Reuters

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …