AYITI/IMIGRASYON: YON AYISYEN DEPÒTE AP ESPLIKE PERIPESI LÒT KONPATRIYÒT NOU YO.

Youn nan ayisyen ki depòte jounen dimanch 19 Septanm 2021 an, sòti nan peyi Etazini, prezante move sitiyasyon migrasyon ki fèt san respè dinite, dwa migran yo.

Nan sal redaksyon Echo Jounal, nou rele ayisyen depòte sa Jozanya, esplike se pi move esperyans yon moun kapab fè lèw deside pase anba fil pou w antre nan yon lòt peyi sanw pa respekte pwosedi lalwa trase yo.  » ou wè ki ap pale avèw la, mwen kite « Santiago », Chili depi 30 jen mwen rive anba pon ki separe fontyè Meksik ak Etazini 15 Septanm ou ka wè kantite tan mwen fè ap mache », daprè sa Jozanya deklare ak Echo Jounal.

Jozanya, fè konnen li te kite peyi Chili pou lavi pa bon tou men se plis yo paka jwenn rezidans lan, daprè sa li rapòte nou pou yon moun jwenn yon bon dyòb nan peyi Chili fòk ou kòrèk ak Leta chilyen sa vle di ou dwe gen yon papye. Pilwen Jozanya, fè konnen li kite peyi Ayiti nan lane 2017, rèv li se te pou li rantre sèl pitit gason li kel gen nan peyi a ki rele Jhonn, elas rèv li a sanble poko prè pou li reyalize.

« Mwen imilye anpil, lèm gade fason yo pran nou pou yo depòte nou. Se ayisyen yo ki pi imilye, ki plis maltrete yo pa banm menm kantite manje ak lòt migran yo alòske nou tout la pou menm koz si poum ta esplike nou plis toujou mwen pap gen kè paskem wont », se toujou move esperyans madanm Jozanya pataje ak nou.

Pou fini, Jozanya, ki pa vle tande pawòl otorite nan peyi Ayiti. Pou li, ki pa reprezante se sèlman fè koripsyon, rann jèn kite peyi a aprè sa yo li pèdi espwa kòm kwa yo pral akonpanye l.

Echo Jounal

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …