« 20 SEKTANM MAKE ANIVÈSÈ PI GWO IMANIS ANTIESKLAVAJIS LATÈ JANM DONEN », MOÏSE JEAN CHARLES.

_20 sektanm 2021 se jounen komemorasyon anivèsè jou papa nasyon an, Jean Jacques Dessalines te fèt. « 20 sektanm nan make anivèsè pi gwo imanis antiesklavajis latè pa janm donnen : JanJak Desalin », ekri sou twitè ansyen senatè depatman Nò a, Moïse Jean Charles._

Lidè pitit Dessalines nan, Moïse Jean Charles se youn nan lidè politik ki, chak tan okazyon an prezante, toujou ap fè elòj ideyal desalinyen ak revandike lide papa nasyon an pou sa ki gen pou wè ak souverènte peyi Dayiti. Nan okazyon 20 sektanm nan, ansyen kandida pou pòs prezidan an raple Jean Jacques Dessalines se pi gwo imanis antiesklavajis limanite poko janm donnen.

« Jou sila a dwe yon jounen refleksyon sou kriz Ayiti a. Ansanm, an poze kesyon sila a: Ki sa papa nasyon an tap fè a? Repons lan se solisyon an. Ke lespri papa Desalin gide n », swete opozan fawouch rejim PHTK a.

Jackson junior Rinvil

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …