AYITI /ENSEKRITÉ: GWO VAN TANSYON NAN ZÒN KAFOU AYOPÒ AK WOUT DÈLMA.

Gwo tansyon ap devlope aprè midi madi 21 Septanm 2021, nan zòn kafou Ayopò, kawotyou ap boule, ki vin lakoz sikilasyon machin ak moto paka fèt. Machin kap sòti Petyon vil,Dèlma nan gwo difikilte pou rive kafou Ayopò.

Sitiyasyon tansyon sa vini aprè nèg ak zam ta fè kidnape yon moun nan zòn kafou Ayopò, manm popilasyon an leve kanpe pou denonze zak la, daprè sa kèk sitwayen esplike.

Zak bandi yo pa sispann repete anbaje tout gwo chabrak nan Leta, selon kèk obsevatè ki poze kesyon pou konnen Kibò konsèy sekirite polis nasyonal (CSPN), mete kòl? Ki fè bandi achte peyi a lajan kontan.

Marie Wanide Nencha Vernois

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …