AYITI/ DEMISYON: SIYATI AKÒ POLITIK AK PM ARIEL HENRY LAKOZ YON MANM PLANSPA DEMISYONE.

Manm kòdinasyon depatmantal Sant, pati politik Platfòm Nasyonal Sektè Ayisyen (PLANSPA), Shera Etienne, remèt demisyon li nan pati a. Nan yon lèt li voye bay manm direktwa (PLANSPA), Shera Etienne, fè konnen li pran desizyon se paske manm direktwa pati a siyen akò politik ak premye minis Ariel Henry li estime se youn nan gwo sispèk nan asasinay defen prezidan Jovenel Moïse.

 » Ariel Henry se yon asasen, yon kriminèl, yon gang, yon pwazon pou demokrasi a, sosyete w pap janm padone moun ki al fè alyans ak moun ki touye prezidan Jovenel, siyen akò politik ak enkilpe Ariel se krache sou kadav prezidan Jovenel », daprè Shera Etienne deklare nan lèt la.

Pou fini, mouche Etienne, kwè politik la dwe sensè, li dwe fèt ak onètete, transparans, jenerasyon l lan pa vle swiv jenerasyon ki gen 35 lane depi y ap kraze peyi a pou yo ka jwenn tranzisyon pou y al fè dap piyanp.

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …