AYITI/ POLITK: AKÒ 11 SEPTANM LAN PIBLIYE NAN JOUNAL MONITÈ.

Premye minis ayisyen an, doktè Ariel Henry, fè pibliye jounen madi 21 septanm lan nan jounal Monitè, akò 11 Septanm 2021 an ki pote non « akò gouvènans apeze epi efikas ».

Selon atik 3, akò politik la ki bay dwa ak chèf gouvènman nan konsètasyon ak pati ki siyenl yo pou mete kanpe yon lòt gouvènman nan 8 jou aprè piblikasyon ak siyati akò 11 Septanm 2021 an.

Nou ap siyale, plizyè pati politik ak aktè nan peyi Ayiti, montre dezakò yo ak akò 11 septanm lan ki sanble yon pataj gato, daprè deklarasyon ak temwanyaj kèk obsevatè.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …