» NOU ENDIYE FAS AK MOVE TRETMAN KONPATRIYÒT NOU YO AP SIBI ANBA PON DEL RIO », MOÏSE JEAN CHARLES

Lidè platfòm pitit Dessalines nan, Moïse Jean Charles, nan yon twit fè konnen li endinye fas ak move tretman konpatriyòt ayisyen yo ap sibi anba pon « Del Rio  » nan Texas._

Depi anviwon sis jou, gen plizyè milye migran ayisyen ki twouve yo nan gwo difikilte sou fwontyè amerikano-meksiken, patiklyèman anba pon Del Rio nan Texas.

 » Ayiti ap viv yon kriz imanitè san parèy ki egzije solidarite tout peyi zanmi », kontinye lidè pitit Dessalines nan.

Opozan fawouch ak rejim PHTK a, pa kwè se bon moman pou blan meriken ap depòte konpatriyòt ayisyen yo. » Moman an mal chwazi pou depòtasyon an e nou kondane fason li fèt la. Ke Leta ayisyen pran responsabilite li », daprè sa li di.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …