AJANTIN AVÒTMAN:SENA PEYI AJANTIN NAN VOTE KONT PWOJÈ LWA SOU AVÒTMAN AN.

Sena nan peyi Ajantin voye jete pwojè lwa sou avòtman an malgre majorite depite yo te vote pou sa.

Apre plis pase Katòzè (14h) de deba nan sena peyi Ajantin sou lwa avòtman an lib la epi gratis la (retire timoun) 38 senatè vote kont lwa sa, 31 vote pou sa epi 2 lòt pa vote ni kont ni pou lwa a.

Malgre anpil jèn fanm nan peyi Ajantin akonpaye ak kèk jèn gason te pran lari pou al apiye pwojè lwa sa, lwa pa rive jwenn benediksyon senatè yo.

Sete gwo dezolasyon tristè kay moun sa yo. Yon lòt bò se gwo fèt ki fèt akoz sena pa aksepte sa.

Anpil moun kap viv nan peyi Ajantin jije se yon viktwa pou pap François ki pat aksepte lwa sa.

Nap raple lwa pou retire timoun lè yon fi ansent la sil pa deside fè timoun nan li lib pou retirel e gratis la deja vote nan peyi Kiba ak Irigwe.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …