AYITI\ KIDNAPIN: MOUN NAN VIL ENCH PRAN LARI POU MANDE LIBERASYON POU DIREKTÈ PWOGRAMASYON BIDJÈ NAN MINISTÈ FINANS LAN.

Plizyè jèn gason ak fanm nam vil Ench, ki nan depatman Sant pran lari jounen vandredi 24 Septanm 2021 an, pou mande liberasyon pou direktè pwogramasyon bidjè nan ministè finans Marck Kenley Mogene ak frè li Herby Lafrance nèg ak zam te kidnape nan lannwit 23 septanm lan nan Tijo, komin Petyon Vil.

De (2) viktim yo ki se moun vil Ench, plizyè jèn ki te leve e ki sòti nan tout sektè pran lari a ak pankat nan men yo ki ekri divès mesaj pou mande liberasyon direktè Marck-Kenley Mogene ak frè li Herby Lafrance, jiska prezan kidnapè yo pa janm di anyen ak fanmi an ni mande lajan.

Nou ap fè remake, pou pi piti 4 moun kidnape nan rejyon metwopolitèn Pòtoprens lan, jounen jedi 23 septanm lan.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …