AYITI /SOLIDARITE : YON GWOUP PEYIZAN KI SOTI NAN 4 TRIYÈM SEKSYON TIRIVYÈ DAMMARI POTE SOLIDARITE YO BAY MOUN KORAY

Yon gwoup peyizan ki soti nan 4 triyèm seksyon tirivyè Dammari pote èd yo bay Moun bod mè patlaj ki chita kòl nan komin koray jou ki te mèkredi 22 septanm 2021 an.

Gwoup peyizan sa yo regwoupe yo nan yon asosiyason ki pote non Asosiyason peyizan yo pou Devlopman Grandans ki gen pou sig APDGA, kote yo te pote plizyè pwodwi tankou bannann, lam veritab, joumou, kasav pou site sa yo sèlman.

Pilwen se avèk anpil kontantman, kè kontan peyizan kap viv bodmè patlaj te resevwa responsab APDGA yo nan lide pou te remèsye yo pou bèl jès sa moun ki soti nan lokalite lafit ak vodri nan 4 triyèm seksyon kominal Dammari fè avèk yo a.

Selon sa abitan kap viv bodmè patlaj yo esplike kèk jounalis Echojounal, yo fè konnen pi gwo pwoblèm yo se dlo pou yo sèvi pou yo bwè yo genyen ,nan sans sa yo made ak mouche leta pou voye je gade yo nan sitiyasyon malouk yo ye a depi apre pasaj gwo tranblemantè 14 dawout 2021 an kote tout sous yo bouche ak tè ki kase tonbe sou yo.

Ronald Exavier

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …