AYITI/DIPLOMASI: OTORITE DOMINIKEN YO ANONSE YO VLE OKIPE AYITI.

Nan yon atik jounal dominiken « N DIGITAL », pibliye fè konnen peyi Sendomeng ap fè demach bò kote Nasyon Zini (ONU), pou rive retabli lapè nan peyi a ki deja nesesite enplikasyon yon bann lòt peyi ki dakò pou bay sipò yo pou poze yon aksyon pou rezoud ensekirite a nan peyi Ayiti.

 » Mwen asire nou ke n pral mete tout bagay an branl pou asire sekirite nou nan pwochen jou yo, nou pral rankontre konsèy nasyonal migrasyon epi pran bonjan mezi. Se ijan pou okipe Ayiti pou rezon imèn ak pou rezon sekirite », deklarasyon prezidan dominiken an Luis Abinader.

Prezidan Luis Abinader, fè konnen li jwenn sipò plizyè peyi nan zòn lan kòm Panama ak Kostarika. Nan jou ki ap vini yo anpil lòt peyi pral kapab kore pozisyon Sendomeng, Ayiti dwe pasifye se prewokipasyon nou.

Pou fini, prezidan Abinader ki kwè dimansyon kriz aktyèl la ayisyen sèlman pap kapab rezoud li, se rezon ki fè l ap chache sipò divès lòt peyi pou rezoud kriz la ak gangterizasyon an.

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …